LAURENT LAMOTHE

Rankontre la Près – Madi 26 mè 2015 – kontestatyon rapò CSC/CA

Frè ak sè’m yo,

Depi lè’m kite pòs Premye Minis la, mwen pa pran lapawòl.  Men, kòm nou tout konnen, reyalizasyon mwen, sa mwen fè pou chanje kondisyon lavi pèp ayisyen an, pale pou mwen.

Jodia, mwen vin’n devan nou, mwen vin’n pale avèk nou.  Jan nou tout konnen, nan tout seksyon kominal, nan tout abitasyon, nan tout komìn, nan Dyaspora, nou tout tap tann, pou Laurent Lamothe anonse nou kandidati’l pou pòs prezidan, pou kontinye bon jan travay nou te komanse ansanm.

Ebyen, mwen pran desizyon sa paske mwen konnen mwen pa sèl nan batay la.

Mwen gen fèm asirans ke Bondye nan syèl, pèp Aysyen kap chache chanjman e sitou jenn yo ap kanpe avè’m jiskobou.

Pandan 31 mwa mwen te pase alatèt Primati a, sousi pa nou sete jwenn solisyon pou rezoud pwoblèm mas pèp la, se te jwenn solisyon pou rezoud pwoblèm tout sektè nan peyi-a san eksepsyon.

Se vizyon sa-a: travay pou mete kanpe yon sosyete modèn, yon ekonomi kap vanse, kote Ayiti ap pran plas li nan peyi demokratik yo, se sa mwen te vle, se pou sa nou tap travay.

Travay la poko fini.  Mwen vle kontinye travay la pou pèp Ayisyen an, pèp mwen renmen anpil la.

Wi pwojè sa-a, vizyon Ayiti modèn sa-a, kote esklizyon pa ladann, enjistis, divizyon pa ladann, koripsyon pa ladan’l, ensekrite pa ladan’l, gang pa ladan’l. Pwojè, vizyon nouvèl Ayiti sa-a, nou paka abandone’l fok nou goumen pou li, fok nou kore’l.

Chimen an difisil se vre, men nou paka bay legen !

Se pou nou rete mobilize pou yon lòt peyi. Mobilize pou kombat grangou ak lavichè.

Frè ak sè’m yo,

Kou Siperyè dè Kont (CSC/CA) fenk soti 3 rapò sou fason mwen tap jere lajan leta lèm tap dirije sèvis leta’a. Yon rapò sou Ministè Afè Etranjè, youn sou Ministè Planifikasyon ak yon lòt sou Primati. Gen 2 nan rapò sa yo ki pagen okenn pwoblèm. Men rapò sou Ministè Planifikasyon an gen ti problèm. Anketè yo di gen pwoblèm. Yo di manke dosye oubyen dosye yo pa konplè, yo pa ase.

conf plaza 2

Nou menm nou konteste tout sa yo di yo :

1-  Nap fè sonje ke lajan ki te debloke aprè 3 siklòn te fini pase nan peyi-a nan lane 2012-2013 te ale jwenn ministè ki ka ede pèp la tout bon vre. Se pa mwen menm ki tap jere lajan sa yo dirèkteman. Kidonk, se ministè ki pi konsène pa dega sa yo kite jwenn pi fò nan kòb la, se yo ki pou bay rapò.

E nòmalman, kontrèman ak sa kap di, tout ministè sa yo te bay rapò. Nou sezi wè la Kou dè Kont di li pa jwenn rapò sa yo epi mete depans sa yo sou do’m.

Mwen pral montre nou tout rapò Kou dè Kont di li pa jwenn yo. Epi nou pral reflechi ak mwen kòman la Kou dè Kont fè pa jwenn yo:

Yo te rele program pou ede pèp la apre siklòn yo, Pwogram Post-Sandy:

Ebyen la Kou dè Kont mete yon premye iregilarite pou 3 milya 425 milyon goud.

  • Yo di yo pagen rapò ki soti nan Ministè Travo Piblik pou 2 milya goud ke yo te voye bay li;
  • Yo di yo pa jwenn rapò pou 1 milya 225 milyon goud ke yo te voye bay Ministè Agrikilti;
  • Yo di yo pa jwenn rapò pou 120 milyon goud yo te voye bay SMCRS;
  • Yo di yo pa jwenn rapò pou 75 milyon goud ki te ale nan Ministè Afè Soyal ak 50 milyon goud kite ale nan FAES;

Nap repete : Si yon kòb dekese pou yon ministè se responsablite ministè ki resevwa lajan an pou bay rapò. Sou pwen sa tout rapò yo disponib nan ministè kite resevwa lajan nan kad pwojè Post-Sandy yo. Nou gen la yon dokiman ki bay tout detay sou pwojè ki egzekite yo.

Pa egzanp, pou 2 milya goud Travo Piblik la rapò a transmèt nan Primati nan dat 27 janvye 2015.

Dezyèm egzanp: Pou montan 1 milya 225 milyon goud Agrikilti te resevwa nou tout te tande ansyen minis agrikilti (Thomas Jacques) nan radyo kote li te di li voye tout rapò san manke.

Twazyèm egzanp: Ansyen Diriktè SMCRS (Donald Paraison) te bay tout explikasyon nan radyo ak dat sou rapò li te voye pou 120 milyon goud nan planifikasyon.

Nou pa konprann pouki sa anketè Kou dè Kont yo pa jwenn rapò sa yo. Dayè gouvènman’m lan te prepare yon dokiman detaye ki disponib sou tout depans kite fèt nan pwogram Post-Sandy a.

2-  Kontra Groupe TRAME : Yo di yo pa jwenn kopi 2 kontra ki te siyen ak GROUPE TRAME alòske men 2 kontra yo siyen, apwouve pa la Kou Siperyè dè Kont…. Men kontra yo, Men siyati Prezidan Kou Siperyè dè Kont lan.

Nou paka konpran’n pouki sa anketè Kou dè Kont yo pa jwenn kopi kontra sa yo.

3-  Fon Komino : Yo di yo pa jwenn rapò sou 1.4 milya goud Fon Komino yo. Alòs ke nou konnen chak ane nan bidjè Repiblik la gen 10 milyon goud ki disponib pou chak kominn.

Men kijan lajan sa te repati…

BMPAD         800 milyon      pou  133 pwojè
CNE                 20 milyon       pou      2 pwojè
MPCE            140 milyon       pou     25 pwojè
MTPTC         380 milyon       pou     59 pwojè

Nou paka konpran’n pouki sa anketè Kou dè kont yo pa jwenn kopi rapò sa yo.

4-  APOLLO MOTORS : Pou Apollo Motors yo pale de yon iregilarite de 33 milyon goud paske nou te kòmande 385 moto 250 cc epi yo livre nou moto 125cc. An bon responsab, nou te ekri founisè a pou’n di’l ke livrezon sa pa korèk paske se moto 250cc nou te kòmande. Ebyen Appollo Motors te rekonèt sa e li bay leta yon kredi de 16 milyon goud pou’l ka pran lòt moto nan men’l. Men kopi lèt la.

Anketè yo gen lèt rekonesans dèt la. Nou paka konpran’n pouki sa yo mete’l nan rapò a kòm iregilarite. Sak pi rèd la yo pa menm retire montan pou kantite moto 125cc nou te resevwa.

5-  Sibvansyon Primati : Yo di gen yon iregilarite de 649 mil 573.72 goud sou yon montan ke Ministè Planifikasyon te transfere bay Primati nan kad sipò pou fonksyònman. Nou konteste iregilarite sa paske yo di ke kontra sa yo te siyen pa lòt manb Kou dè Kont ki pa prezidan la Kou a. Sa se yon pwoblèm entènn Kou dè Kont ki pa ka tonbe sou do mwen kòm minis.

6-  Pou UCAONG : Yo jwenn te gen yon chèk yon montan 1 milyon 586 mil 336.25 goud ki te depoze sou kont yon fonksyonè Ministè Plan nan kad yon pwojè kowoperasyon Espayòl. Lajan dekese a pati de yon kont ke mwen menm minis la òdonatè sou li. Pandan ke nan rapò a, yo rekonèt ke bagay sa paka sou rekonsabilite mwen nan konklizyon an yo mete’l kanmenn sou do’m.

7-  Eglise Unie d’Haiti : Pwojè sa yo egzekite nan Grandans pou yon montan 10 milyon 917 mil 241 goud. Tout prèv yo la, tout pyès jistifikatif yo la. Pouki sa yo konsidere’l tankou yon iregilarite epi mete’l sou do’m?

8-  Kabinè Avoka : Yo repwoche deske pagen kontra pou 9 milyon 997 mil 200 goud. Yo di pa gen rapò, pa gen 2% akont ki vle di tax pou sèvis kabinè avoka. Nou konteste’l paske avoka sa yo te ofri yon sèvis ponktyèl ki vle di yon sèvis pou yon ti bout tan ki pap dire. Kidonk nou peye yo sou bòdwo. Nan ka sa, kabinè a paka bay nou kontra.

9-   IBI-DAA : Pou fini, gen yon iregilarite de 850 mil dola ameriken pou yon konpayi Kanadyen ki rele IBI-DAA ki te ede nou travay sou devlopman estratejik peyi Dayiti. Konpayi sa ap fonksyone nan peyi a depi lane 2003.  Yon kontra 5 lane te siyen depi ane 2010 ak konpayi sa, ki vle di depi avan mwen te Minis Planifikasyon.

10-  IMFESA : se yon konpayi ki lwe leta Ayisyen Elikoptè pou Prezidan peyi a. Yo di gen iregilarite 2 milyon dola meriken paske konpayi sa pa gen otorizasyon fonksyonman eke kontra li pa jwenn benediksyon CNMP. Daprè atik 3 kòd lwa 12 jen 2009 ki fikse règ jeneral pasasyon mache piblik, tout bagay ki konsène sekirite nasyonal paka nan koze mache piblik.

Elikoptè sa ki ap voyaje tout kote nan peyi a ak prezidan an fè pati de sekirite nasyonal. Kidonk, yo paka mete’l nan mache piblik.

Lè Kou dè Kont fin’n korije erè sa yo li fè nan rapò odit sou fason mwen tap jere lajan leta, erè ke li di li te fè paske li pat jwenn rapò yo ak kontra yo, kòm nou gen kontra yo oubyen nou gen enfòmasyon sou kote kontra yo ye, la Kou dè Kont kantite iregilarite yo ap diminye, lè sa ap rete apeprè 7 milyon goud ki se lajan ki depanse pou sibvansyone òganizasyon de baz.

Menm kan nou pa konprann kouman la Kou dè Kont fè pa jwenn rapò sa yo, nou rete kwè anketè yo pap chache fè nou mechanste. Lòt moun ke nou pa idantifye ka anpeche yo jwenn bon jan enfòmasyon pou yo konprann bon jan travay nou tap fè. Nan sans sa, nou swete ke bonjan koreksyon pral fèt prese prese pou verite blayi epi respekte dwa mwen.

Nap profite okazyon sa pou nou di pèp Ayisyen an ke menm si nou rete tèt frèt, bagay sa yo demontre aklè ke gen gwo konplo pou anpeche pèp la vote moun li vle. E sa se yon pwojè esklizyon ki pa gen anyen pou wè ak demokrasi.

Le combat pour une Haiti meilleure vaut la peine.

Kidonk… Mwen pral remèt Prezidan Sena a yon lèt ofisyèl ak enfòmasyon sou tout rapò ki manke yo yon fason pou Kou dè Kont korije erè li yo, epi retire tout komantè ki pa jistifye nan rapò a.

Ayiti se yon Etat de Dwa kote Tout moun gen Dwa ak Devwa!

VIV AYITI !!!

Laurent Lamothe

Ci-joint la présentation

Telecharger
Présentation Hotel Le plaza 26/05/2015