LAURENT LAMOTHE

Laurent Lamothe close-up

KOMINIKE POU LA PRÈS, 12 jen 2015

EnglishFrançais

Biwò Kominikasyon Kandida ala Prezidans
LAURENT LAMOTHE

Vandredi 12 jen 2015

Pou rezon politik, nan lespri pou simen divizyon ak pou chita enstabilite nan peyi d’Ayiti, KEP a pibliye yon lis patizan ki montre aklè jan eleksyon 2015 yo, se yon operasyon seleksyon.

Desizyon KEP a pran pou retire m nan kous elektoral la kòm kandida ala prezidans, se yon desizyon ki vyole dekrè elektoral la ak tout konstitisyon amande peyi a.

Mwen vle fè lopinyon piblik lan konnen konplo sa a, se yon konplo kont pèp Ayisyen, kont lespwa jenès la, kont frè ak sè nou nan Dyaspora, kont tout Ayisyen, travayè nan batey, peyizan, ouvriye, profesè lekòl, elèv, tout Ayisyen, Ayisyèn ki vle tabli yon demokrasi nan lapè ak pwogrè.

Mwen denonse ak tout fòs konplo esklizyon sa a.

Fòk sa chanje malgre konplo. Li lè li tan pou lenjistis fini nan peyi a! Li lè li tan pou magouy fini pou sitwayen onèt mete ansanm pou chanje kondisyon lavi pèp yo fè pòv la.

Map kontinye batay pou defann enterè pèp Ayisyen.

Pèp la bouke nan grangou, li bouke viv nan lensekirite ak nan malsite.

Pèp la mande respè dwa l, respè dwa pou tout Sitwayen ak Sitwayèn, tout Ayisyen isit kou lòt bò dlo.

Pèp la mande yon eleksyon lib, onèt, enklizif, pou pèmèt yo mete yon dirijan konsekan kap travay pou fè lavi miyò.

Nan demokrasi, se pa yon ti gwoup ki bay pouvwa. Se pèp la ki bay pouvwa.

Viv Ayiti!
Viv Demokrasi!